Yon Bilten pou Paran Lekòl Leta Miami

Transcription

Yon Bilten pou Paran Lekòl Leta Miami
KONEKSYON
Yon Bilten pou Paran Lekòl Leta Miami-Dade County
M-DCPS ONORE DIREKTÈ, ASISTAN DIREKTÈ EKSEPSYONÈL POU
ANE A
Manuel Sanchez III (nan mitan foto anlè a), ki ap sèvi kòm direktè
Lekòl Mwayen Miami Lakes, ranpòte pi gwo onè yo kòm Meyè
Direktè Distri pou Ane a. Lekòl Leta Miami-Dade County te onore
meyè direktè ak asistan direktè li yo nan yon seremoni prim
“Dade Association of School Administrators (DASA)” (Asosyasyon
Administratè Lekòl nan Dade) patwone, 21 avril nan Jungle Island.
Dtè. Sanchez ap sèvi kòm Direktè Lekòl Mwayen Miami Lakes depi
2011. Li pote plis pase 20 ane eksperyans nan administrasyon ak
ekspètiz nan kourikoulòm. Li te kòmanse karyè li kòm yon pwofesè
Elèv Edikasyon Espesyal nan Lekòl Elemantè Miami Park an 1994.
Yo te rekonèt tou Gabriel P. Quintero nan Kenwood K-8 kòm Meyè
Asistan Direktè pou Ane a. Quintero, ki soti nan yon liy edikatè ki
long, ap sèvi kòm yon Asistan Direktè nan Kenwood depi 2005. Li te
kòmanse karyè li nan Lekòl Mwayen Shenandoah kòm yon pwofesè
Syans Sosyal.
POU SENKAN KONSEKITIF, M-DCPS RESEVWA PLIS
PRIM MERIT NASYONAL MSA PASE NENPÒT LÒT DISTRI
“Magnet Schools of America (MSA)” , yon òganizasyon nasyonal ki
reprezante plis pase 4,000 lekòl ak pwogram magnet, anyèlman
rekonèt lekòl ak pwogram magnet pou angajman yo pou estanda
akademik wo, inovasyon kourikoulòm, efò divèsite ki gen siksè,
anplwaye pwofesè espesyalize, ak angajman paran/kominote. Pou
senkyèm ane youn aprè lòt, M-DCPS depase pèfòmans tout lòt
distri lekòl nan peyi a. An total, Lekòl Leta Miami-Dade County te
resevwa 37 prim pou peryòd prim ane lekòl 2015-2016 la.
Katreven nèf lekòl atravè Etazini te resevwa “Magnet Schools of
Excellence Merit Awards” yo dezire anpil, kote yo te bay Lekòl Leta
Miami-Dade County uit ladan yo. Anplis, lekòl magnet MiamiDade yo te resevwa 29 nan 169 “Magnet Schools of Distinction
Merit Awards” (Prim Merit Lekòl Distenksyon Lekòl Magnet). Lekòl
ki resevwa Prim Merit MSA, swa Distenksyon oubyen klasman
Ekselans, nan PREMYE kategori 5 pousan tout lekòl magnet nan
peyi a. Lekòl ki resevwa Magnet Schools of Excellence Merit Award
la pa sèlman te eksele nan tout domèn yo te mezire, men yo te sèvi
kòm Modèl Lekòl Magnet Egzanplè Nasyonal.
Anplis, Lekòl Magnet ann Amerik rekonèt pi bon direktè (ris) lekòl
magnet yo rejyonalman e nasyonalman. Yo chwazi Martin Reid,
Direktè Konsèvatwa Ar 6-12 Arthur & Polly Mays, nan yon lis aplikan
direktè lekòl magnet nan Florid, Georgia, Alabama, Pòtoriko, ak
Zile Vyèj kòm Meyè Direktè Lekòl Magnèt ann Amerik pou Rejyon
III pou Ane 2016 la. Mesye Reid avanse kòm yon finalis pou Prim
Meyè Direktè MSA, yo dezire anpil la, pou ane a. Yo chwazi Vivian
Gonzalez, yon pwofesè nan Sant K-8 South Miami, yon aplikan nan
lis Meyè Pwofesè Ane 2016 Lekòl Magnet ann Amerik pou Rejyon
III. Kòm reprezantan Rejyon III a, Madan Gonzalez se yon finalis
nasyonal pou Meyè Pwofesè MSA pou Ane a. Pou yon lis lekòl
magnet M-DCPS ki genyen prim, vizite
http://news.dadeschools.net/cmnc/new/25311.
Meyè Direktè pou Ane a resevwa $3,000 e Meyè Asistan Direktè pou
Ane a resevwa $2,000. Nan seremoni an yo te rekonèt tou William
Aristide nan Lekòl Segondè Booker T. Washington, yo nonmen
dezyèm Direktè pou Ane a ak Elena Maria Cabrera nan Lekòl
Segondè Ronald W. Reagan/ Doral, yo nonmen dezyèm Asistan
Direktè pou Ane a.
PWOCHEN REYINYON KOMISYON KONSÈY LEKÒL
11 me 11:00 dimaten
Reyinyon Regilye
22 jen
11:00 dimaten Reyinyon Regilye
(Dènye Lekti - Zòn Prezans pou 2016-2017)
13 jiyè
11:00 dimaten
Reyinyon Regilye
Kenbe Paran yo Enfòme e Konekte
MAST@Homestead ofri akademi ki gen tèm Syans Biyomedikal, iMed
Medikal, Syans Famasi, ak Terapi Fizik.
news.dadeschools.net
MAGAZEN PWOJÈ ‘UP-START’ AP AGRANDI NAN YON NOUVO
LOKASYON
PLIZYÈ MILYE MOUN SOTI POU SIPÒTE EDIKASYON NAN DEFI
5K SIPÈENTANDAN AN
Yon lame plis pase 2,000 pwofesè, elèv, paran ak sipòtè nan
kominote a te rasanble pou sipòte edikasyon jodi a nan
“Superintendent’s 5K Challenge” ki te fèt 2 avril nan “Miami’s
Museum Park” anba lavil la. Yon gwo kantite patisipan nou pa t
atann te kolekte $60,000, yon pati ladan pral benefisye ekip nan
lekòl ki enskri yo. Gason ki genyen nan premye evènman kalite sa
a se Peter Bransden, yon rezidan Miami ki soti ann Angletè, ki te
genyen nan yon tan 18:43. Fi ki genyen an se Lisa Adjouadi, yon elèv
nan Lekòl Mwayen Hammocks, ki te kouri senk kilomèt nan 21:00.
Nou fè Premye Defi 5K Sipèentandan an pou pwomote sante ak
byennèt nan lekòl nou yo e nan kominote nou an.
Pwojè ‘UP-START’ ap chèche asire yon eksperyans edikasyonèl ki
gen siksè pou timoun ak jèn ki sanzabri nan Sid Florid nan kolabore
avèk paran, lekòl, ak kominote a pou ouvè pòt pou opòtinite
akademik, retire baryè, e ankouraje yo wè pwòp tèt yo yon fason
ki enpòtan avèk espwa pou yon meyè avni. An novanm 2013,
Magazen an te ouvè nan Anèks Bilding Administrasyon Komisyon
Konsèy Lekòl la pou elèv sanzabri ak fanmi, ki nan Pwojè ‘UP-START’
la, kapab vin pran sakado, founiti klasik, atik twalèt, manje ki pap
gate, rad, soulye ak plis toujou. Nouvo Magazen an, ki prèske
double gwosè premye lokasyon an, ap kontinye gen menm atik yo,
an plis nouvo “Boutik Prom” nan. Magazen an lokalize nan Lindsey
Hopkins Technical College. Pou plis enfòmasyon oubyen pou
donasyon telefone 305-995-7558; lèt elektwonik projectupstart@
dadeschools.net; oubyen vizite sit Entènèt http://studentservices.
dadeschools.net/PROJECTUPSTART/.
DAT POU NOU SONJE
10 me -
30 me - 9 jen -
10 jen - Dat Limit pou Enskri nan “Head Start & Early
Head Start”
Obsèvans “Memorial Day”
Dènye Jou Lekòl
Jou pou Pwofesè fè Planifikasyon
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid
GOUVÈNÈ SCOTT SIYEN PWOGRAM “SEAL OF BILITERACY” ETA
A POU FÈ LI VIN LWA
Resamman, Gouvènè Scott siyen Pwogram istorik Eta a “Seal of
Biliteracy” (So pou Aprann Li ak Ekri nan De (2) Lang) pou fè l vin
tounen lwa ki pral rekonèt elèv ki etidye e metrize Lang Mondyal.
Lejislatè Florid, Senatè Anitere Flores ak Depite Eric Fresen te
patwone pwojè lwa a pou etabli Pwogram Seal of Biliteracy nan
Florid. Elèv ki kalifye, ki genyen yon diplòm estanda lekòl segondè,
ap resevwa yon So pou Aprann Li ak Ekri nan De (2) Lang Annò
oubyen Ajan, selon nivo konpetans yo demontre nan yon lang
etranje, ki gen ladan Lang Siy Ameriken ak lang klasik e endijèn.
So a, Depatman Edikasyon Florid oubyen distri lokal yo bay, yo
kole li sou diplòm lekòl segondè elèv la e sou relve nòt li. Li sèvi
kòm sètifikasyon pou enstitisyon lekòl segondè ak anplwayè, ki
montre elèv la atenn yon nivo lekti ak redaksyon nan de (2) lang.
An septanm dènye, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares
Hantman te lanse kreyasyon Seal of Biliteracy nan M-DCPS.
Volim 7, Nimewo 22
Prentan 2016
Madan Perla Tabares Hantman, Chèmann
Doktè Dorothy Bendross-Mindingall, Vis Chèmann
Susie V. Castillo
Doktè Lawrence S. Feldman
Doktè Wilbert “Tee” Holloway
Doktè Martin Karp
Lubby Navarro
Raquel A. Regalado
Doktè Marta Pérez Wurtz
Alberto M. Carvalho
Sipèentandan Lekòl yo
Logan Schroeder-Stephens
Konseye Elèv nan Komisyon Konsèy Lekòl la
Se Biwo Kominikasyon ki Pwodui Bilten sa a
Daisy Gonzalez-Diego
Ofisye Anchèf Kominikasyon

Similar documents

“Koute aprann mennen” Ki sa ki andedan!

“Koute aprann mennen” Ki sa ki andedan! lekòl yo ki gen rapò ak, dènye jou a nan lekòl se Lendi 23 jen 2014. 23 Jen se tou dat la nan nou an seremoni gradyasyon nan lekòl segondè ak nan Lekòl Mwayen. Gradyasyon nan Asbury Park pou Lekòl ...

More information